New World Scheduler is a software program designed for Jehovah’s Witnesses. Its purpose is to simplify and unify the scheduling and organizing of the congregation. New World Scheduler includes:

Please enter your Name and Email to verify you’re a real person.

KARAKTERISTIK JW SCHEDULER

New World Scheduler ka fasilman pwograme tout pati reyinyon Lavi Nou ak Travay Nou Fè (LNTNF), sa gen ladan l Sal Prensipal ak Lòt Klas yo. Li gen opsyon Bay-Otomatik, rekòmande elèv ak detay sou istwa patisipasyon yo.

Sekretè Kongregasyon yo ka itilize New World Scheduler pou antre Rapò Sèvis yo, kenbe Kat Pwoklamatè yo ajou, konpile Rapò Sèvis Kongregasyon an chak Mwa, enprime Kat Pwoklamatè S-21 ak plis toujou.

Kowòdonatè Diskou Piblik ka pwograme Diskou Piblik Lokal ak Soti, sa gen ladan l oratè vizitè ak ospitalite. Yo ka mete Kongregasyon vwazen yo ak Oratè Piblik yo, ak lè e ki kote yo fè reyinyon yo.

Siveyan Sèvis ka pwograme pwogram Predikasyon, sa gen ladan l Bonè nan Maten ak predikasyon nan sware. Yo ka mete Kondiktè a, Kote a ak kat ak aranjman Gwoup Predikasyon yo.

Nou ka pwograme Travay Kongregasyon an, sa gen ladan l Akèy, Sekirite, Son, Videyo, Mikwofòn, Estrad ak menm lòt Travay Espesyal. Nou ka pwograme yo Chak Semèn oswa Chak Reyinyon.

Nou ka pwograme Netwayaj Sal Wayòm nan New World Scheduler, sa gen ladan l Netwayaj Chak Semèn ak Netwayaj Aprè Reyinyon. Nou ka asiyen yon sèl oswa plizyè gwoup.

New World Scheduler ka kreye ak òganize kat e tèritwa kongregasyon an, sa gen ladan l Tcheke Antre ak Tcheke Soti kat tèritwa bay pwoklamatè yo.

Nou ka pwograme Vizit Siveyan Sikonskripsyon, sa gen ladan l tout reyinyon yo, Predikasyon, Vizit Pastoral, ak Aranjman pou manje a. New World Scheduler ka rapidman bay tout enfòmasyon SS la bezwen san pwoblèm.

KARAKTERISTIK ESPESYAL JW SCHEDULER

Pwoklamatè yo ka wè tout asiyasyon k ap vini tankou asiyasyon reyinyon Lavi Nou ak Travay Nou Fè Antanke Kretyen, asiyasyon Diskou Piblik, asiyasyon Reyinyon Wikenn, Travay ak asiyasyon Netwayaj.

Pwogram Reyinyon Lasemèn ak Wikenn ak Reyinyon Predikasyon, menm Evènman Kongregasyon ak Anons Kongregasyon disponib tou.

Pwoklamatè you ka remèt Rapò Sèvis yo.

Kreye yon sèl lis pwoklamatè, epi ou ka pataje done yo an sekirite ak tout frè ki nome otomatikman.

Pataj Kongregasyon an ede tout ansyen yo rete ajou ak sa k ap pase nan kongregasyon an.

Done yo an sekirite e yo presi. Erè yo redui e antrene nouvo frè yo byen fasil. Pwogram yo senp e yo konsistan. Pwoklamatè yo ap wè yon sèl apwòch de Gwoup Ansyen yo. Tout moun ap sove tan.

KIYÈS KI KA SÈVI AK JW SCHEDULER?

Kowòdonatè Gwoup Ansyen (KGA)

Pwograme tout pati Reyinyon Lasemèn Lavi Nou ak Travay Nou Fè pou moun ki pa elèv ak kenbe Asiyasyon Kongregasyon.

Siveyan Reyinyon Lavi Nou ak Travay Nou Fè Antanke Kretyen

Pwograme tout pati Reyinyon Lasemèn Lavi Nou ak Travay Nou Fè Antanke Kretyen (LNTNF) pou moun ki elèv, ak enprime rapò yo ak fich asiyasyon yo.

Sekretè Kongregasyon

Antre Rapò Sèvis yo, kenbe Kat Pwoklamatè yo ak anvwaye Rapò Sèvis chak mwa.

Siveyan Sèvis

Pwograme reyinyon Predikasyon Kongregasyon, kreye ak kenbe Gwoup Predikasyon kongregasyon an.

Kowòdonatè Diskou Piblik

Pwograme Diskou Lokal ak Diskou Soti, ajoute ak kenbe Oratè Piblik, sa gen ladan l Oratè Lokal ak Oratè Kongregasyon Vwazen.

Sèvitè Akèy

Pwograme travay kongregasyon tankou Akèy, Sekirite, Pake Machin, e menm anrejistre Asistans Reyinyon yo.

Sèvitè Sal Wayòm

Pwograme kongregasyon pou Netwayaj Sal Wayòm ak Swen Jaden.

Sèvitè Odyo Videyo

Pwograme travay kongregasyon tankou Son, Videyo, Mikwofòn, Estrad ak Zoom Host.

Siveyan Gwoup

Wè enfòmasyon gwoup predikasyon l, pou yo ka ofri èd bay manm ki nan gwoup li.

Sèvitè Tèritwa

Òganize Kat ak Tèritwa Kongregasyon an, sa gen ladan l tcheke soti tèritwa bay pwoklamatè yo ak enprime Rejis S-13.

Tout lòt Ansyen yo

Wè tout done ki anwò yo ak rete ajou ak tout sa k ap pase nan kongregasyon an.

AVANTAJ JW SCHEDULER

Li fèt pou l fasil pou yo itilize l. Nenpòt moun ka aprann itilize New World Scheduler nan kèk minit. Tout done Kongregasyon an, Manm yo ak Pwogram yo toujou enkripte ak stoke nan òdinatè lokal w.

New World Scheduler kreye rapò ki pratik e senp pou Reyinyon Lavi Nou ak Travay nou fè Antanke Kretyen, Diskou Piblik, Netwayaj Sal Wayòm. Nou ka sovgade Rapò yo nan fòma Dokiman oswa PDF.

New World Scheduler ka pwograme ak òganize tout bagay. Lè w kenbe yon sèl lis pou tout pwoklamatè yo epi w pataje l ak tout frè nome, sa ede sove tan ak redui erè yo ak pèmèt antrènman frè yo pi vit e pi fasil.

Lè w itilize Bay-Otomatik pou jenere premye kopi nouvo pwogram ou sa pèmèt w sove tan. Sa ap otomatikman chwazi manm ki pi apwopriye pou pati a ak asire pa gen konfli. Annapre ou ka fè ajisteman.

New World Scheduler kapab ekspòte done bay pwogram Timothy ki se yon pwogram Siveyan Sikonskripsyon yo itilize. Sa pèmèt yo sove nan tan ak òganize kongregasyon ki nan sikonskripsyon yo.

Kounye a New World Scheduler disponib nan 44 lang! Gen Nouvo Lang ki ajoute regilyèman epi ou ka Mande yon Nouvo Lang pou New World Scheduler.

TEMWAYAJ FRÈ YO

Gen plizyè frè nome nan plis pase 115 peyi ki itilize New World Scheduler. Gen plizyè milye pwoklamatè ki itilize App Edisyon Pwoklamatè nou chak jou. Nou resevwa anpil komantè ki ankourajan chak jou. Nou kontan pataje kèk.

[testimonial_rotator id=3649]

KONPARE PWOGRAM JW AK LÒT APP

Kijan New World Scheduler konpare ak lòt pwogram ki menm jan?

Entansyon nou se pa pou kritike lòt pwogram yo, paske nou tout “kenbe fèm nan yon sèl espri, e nou fè yon sèl nanm pou nou lite kòtakòt pou lafwa nan bon nouvèl la” – Filipyen 1:27.

Pito, nou envite w eksplore diferans ki genyen ant New World Scheduler ak lòt pwogram sa yo poukont ou.

Mèsi pou yon paj ‘Konparezon’. Li te trè itil lè w ap eseye soti nouvo pwogram yo!” – Frè Mike, USA

Ou ka enpòte done depi Majestic KHS, Hourglass App, TSWin, CLM Explorer oswa CSV nan New World Scheduler.

Scroll to Top
Scroll to Top